Misyon nou
Misyon nou se reveye konsyans kolektif la, pou n sispann tann chanjman soti anwo, e n kòmanse bati l soti anba — nan kominote yo, nan lekòl yo, nan antrepriz yo, nan kè pèp la. Nou vle bay tout moun zouti pou aji, pa sèlman pou pale. Nou ap chèche idantifye, soutni, ak mete limyè sou moun ki gen kapasite, vizyon, ak bon moral pou sèvi peyi a.